Etazini: Sekretè DHS la anonse depòtasyon yo ap kontinye
WASHINGTON, 4 novanm 2026 — Sekretè Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS), Markwayne Mullin, fè konnen operasyon depòtasyon imigran yo ap kontinye.
Nan yon mesaj kout li pibliye sou rezo sosyal X, responsab ameriken an deklare:
« Deportations will continue », ki vle di « Depòtasyon yo ap kontinye ».
Deklarasyon sa a vini yon jou apre eleksyon mi-manda 3 novanm 2026 yo Ozetazini.
Markwayne Mullin, ki pran tèt DHS depi 24 mas 2026, responsab yon depatman ki sipèvize plizyè ajans federal, tankou Immigration and Customs Enforcement (ICE), ki patisipe nan aplikasyon lwa imigrasyon ameriken yo.
Administrasyon prezidan Donald Trump la kontinye mete aplikasyon lwa imigrasyon ak depòtasyon nan mitan politik li yo.
Nan mesaj 4 novanm nan, Mullin pa bay detay sou nouvo operasyon, kantite moun ki konsène, ni okenn chanjman espesifik nan pwosedi depòtasyon yo.
SSN News 247 ap suiv evolisyon politik imigrasyon ameriken an.



