Endistri gang lan ann Ayiti, kiyès ki finanse l e kiyès ki bay lòd?

Share on facebook
Share on twitter
Share on linkedin
Share on email
Grafik SSN News 247 pou atik opinyon Stanley Stlouis la. Tit la mande « Kiyès ki finanse l? Kiyès ki bay lòd? »

Endistri gang lan ann Ayiti, kiyès ki finanse l e kiyès ki bay lòd?

SSN News 247 | Atik opinyon | Stanley Stlouis

Mwen se pitit yon machann. Lè m tande yo fè yon kamyon peye pou l pase sou yon wout, mwen panse ak machann ki deja mete kòb li nan pwovizyon ki sou kamyon an. Lè pri diri a monte, se li menm kliyan an pral mande eksplikasyon. Moun ki pran lajan sou wout la, kiyès ki mande l kont?

Men kesyon ki enterese m plis toujou. Nou konn non chèf gang lan, nou rekonèt vwa l sou WhatsApp. Kiyès ki vann li dènye kès katouch la? Mwen rele sa yon endistri paske gen lajan k ap sikile, gen moun k ap bay lòd, epi gen enterè ki merite pou lajistis fouye yo. Mwen vle konnen tou ki rezilta enstitisyon ki pale nan non viktim yo pote pou fanmi yo.

Òganizasyon dwa moun yo, ki rezilta fanmi yo jwenn?

Kiyès ki finanse òganizasyon k ap dokimante vyolans gang yo ann Ayiti? Konbyen anplwaye chak òganizasyon genyen? Konbyen kòb li depanse pa mwa? Nan bidjè sa a, konbyen ki sèvi pou peye yon avoka, ede yon fanmi ale nan tribinal oswa mete yon temwen an sekirite?

Mwen ta renmen wè chif sa yo ansanm ak sa ki rive fanmi yo apre yo fin temwaye. Sou tout fanmi yon òganizasyon resevwa pandan yon ane, konbyen li akonpaye devan lajistis? Konbyen ki rive jwenn jistis? Pou dosye ki poko abouti yo, èske gen yon moun fanmi an ka rele pou l konnen kote sa bloke?

Yon òganizasyon dwa moun pa rann jijman. Men li ka esplike ki demach li fè pou chak fanmi li akonpaye. Si yon manman bay temwayaj li epi kominote entènasyonal la resevwa yon rapò sou sa k rive pitit li, manman sa a merite yon repons tou. Apre rapò a fin ale, kiyès ki rele manman an?

Sektè prive a, kiyès ki vann zam ak minisyon yo?

Yon komèsan ki peye anba menas pou yo lage chofè kamyon l lan se yon viktim. Li dwe kapab pote plent san yo pa trete l kòm konplis. Men si yon antreprenè peye yon gwoup ame pou bloke kamyon yon konkiran, se pou lajistis chèche konnen kiyès ki fè peman an ak ki lòd li te bay.

Mwen vle ankèt yo ale pi lwen toujou. Èske gen moun nan sektè prive a k ap vann zam ak minisyon bay gang yo? Èske gen antreprenè ki finanse oswa dirije pwòp gwoup ame pa yo? Lè menas fòse yon machann kite yon mache, kiyès ki pran plas li? Pran plas yon konkiran pa pwouve yon krim. Se temwayaj, peman ak lòt prèv ki ka tabli si yon moun te sèvi ak vyolans pou elimine konpetisyon. Repitasyon yon gwo fanmi pa ta dwe anpeche ankèt sa a fèt.

Politisyen yo, lè nou di nou « gen baz », sa sa vle di?

Mwen ta poze nenpòt kandida kesyon sa a anvan menm li ouvri pwogram li devan mwen. Ou di ou gen baz nan yon katye popilè. Si advèsè w vin fè yon reyinyon nan menm katye a demen maten, èske moun yo lib pou yo resevwa l?

Yon kandida dwe ka esplike ki relasyon li genyen ak moun k ap pale nan non l nan katye a. Si gen temwayaj ki fè konnen yon politisyen peye yon chèf gang pou kraze yon reyinyon oswa menase yon advèsè, ankèt la dwe rive sou moun ki bay lòd la. E si se politisyen an menm k ap jere gwoup ame a, popilasyon an gen dwa konn sa anvan li vin mande vòt moun. Abite nan yon geto pa retire dwa pèsonn pou l chwazi kiyès li vle tande ak pou kiyès li vle vote.

Polis nasyonal la, ki kote yon fanmi ka pote plent?

Mete w nan plas yon papa ki gen rezon pou l sispèk yon polisye te patisipe nan kidnaping pitit li. Anvan l menm antre nan komisarya a, li gen yon desizyon lou pou l pran. Si l bay non l ak sa l konnen, èske enfòmasyon an ap rive jwenn moun ki kenbe pitit li a?

Mwen ta renmen Enspeksyon jeneral Polis nasyonal d Ayiti di piblik la konbyen polisye yo denonse pou lyen ak gang oswa pou patisipasyon nan kidnaping. Konbyen nan plent sa yo yo egzamine? Konbyen dosye yo voye nan pakè? E bò kote lajistis, konbyen ki rive nan jijman, epi ki desizyon tribinal yo pran? Se avèk repons sa yo nou ka konnen dimansyon pwoblèm nan. Polisye onèt k ap riske lavi yo gen dwa jwenn repons sa yo menm jan ak fanmi viktim yo.

Lè m di « Afè gang lan ann Ayiti, se ofisyèl li poko ofisyèl », mwen panse ak tout je k ap gade. Mwen ka konprann yon machann ki fè silans paske l pè pou pitit li. Men mwen gen yon lòt kesyon pou responsab Leta ki resevwa plent machann sa a. Ki sa ou fè ak enfòmasyon li pran tout risk sa yo pou l pote ba ou?

Pou nou mete fen nan pratik sa a, fòk nou gen yon Leta pi fò. Pou mwen, sa vle di yon papa ka denonse yon polisye epi jwenn pwoteksyon. Sa vle di yon jij ka konvoke yon gwo antreprenè oswa yon politisyen lè gen prèv ki mande sa, epi mennen dosye a jouk li bout. Se la fòs Leta a pral parèt.

Ki jan n ap mete fen nan endistri gang lan si Leta ka arete moun ki kenbe zam nan, men li pè konvoke moun ki peye l la?

À suivre