Bukele sou Ayiti: « Sanble gang yo pa vle goumen avè nou »

Share on facebook
Share on twitter
Share on linkedin
Share on email

Bukele sou Ayiti: « Sanble gang yo pa vle goumen avè nou »

PÒTOPRENS, 4 novanm 2026 — Prezidan El Salvador, Nayib Bukele, fè yon nouvo deklarasyon sou rezo sosyal X kote li sijere gwoup ame ann Ayiti yo pa ta vle konfwonte sòlda salvadoryen ki deplwaye nan peyi a.

Nan piblikasyon an, prezidan an ekri an kreyòl:

« Sanble gang yo pa vle goumen avè n… »

Mesaj la akonpaye ak yon seri imaj ak videyo ki montre diferan sèn nan lavi ann Ayiti.

Deklarasyon sa a vini pandan fòs salvadoryen yo ap patisipe nan operasyon sekirite ak rechèch pou jwenn kat teknisyen avyasyon El Salvador ki disparèt apre yon atak nan zòn Kwadèbouke, 18 oktòb 2026.

Plis pase 2 000 sòlda salvadoryen te deplwaye ann Ayiti nan kad operasyon sa yo, dapre enfòmasyon ki te pibliye sou misyon an.

Nan dat 4 novanm nan, otorite ayisyen yo fè konnen yo jwenn machin boule ki te transpòte kat teknisyen yo. Sepandan, rechèch pou jwenn mesye yo kontinye.

Malgre deklarasyon Bukele a, piblikasyon an pa bay ase enfòmasyon pou konfime gwoup ame yo sispann opoze rezistans oswa ke sitiyasyon sekirite a chanje nan tout zòn kote operasyon yo ap fèt.

Operasyon fòs ayisyen yo ansanm ak patnè entènasyonal yo kontinye nan plizyè zòn peyi a.

SSN News 247 ap suiv evolisyon sitiyasyon an.

À suivre