Ayiti – Sekirite: Bukele anonse lanmò 3 militè salvadoryen pandan yon misyon pou libere 4 sòlda gang te kidnape

Share on facebook
Share on twitter
Share on linkedin
Share on email
Twa militè salvadoryen mouri pandan yon misyon ann Ayiti, dapre Nayib Bukele.

Ayiti – Sekirite: Bukele anonse lanmò 3 militè salvadoryen pandan yon misyon pou libere 4 sòlda gang te kidnape

Dimanch 22 novanm 2026 la, Prezidan Salvador, Nayib Bukele, anonse twa manm fòs lame peyi li pèdi lavi yo pandan yon misyon ann Ayiti pou delivre kat lòt militè gang ayisyen te kidnape.

Dapre deklarasyon Bukele sou kont X li, twa militè yo mouri apre yon eksplozyon aksidantèl ki te fèt pandan operasyon an.

Prezidan an idantifye viktim yo kòm:

  • Lyetnan Cristian Daniel Palacios Santos
  • Kaporal Emerson Alexander Zepeda Zelada
  • Kaporal Wilber Manuel Serrano Medina

Bukele rann militè yo omaj pou kouraj yo ak devouman yo. Li rakonte kijan lyetnan Palacios Santos te deja sove plizyè lavi pandan yon operasyon, epi kijan de kaporal yo te pran gwo risk pou dezaktive yon grenad ki te kole nan yon dwòn pandan yon egzèsis nan Salvador.

Prezidan an pa presize ki dat eksplozyon ki lakòz lanmò twa militè yo te fèt.

Sous: Nayib Bukele, kont ofisyèl X.

www.ssnnews247.com

#SSNNews247 #Ayiti #NayibBukele #Salvador #Sekirite #Gang #Militè #GSF

À suivre