Ayiti : Konbyen kòb yon kandida bezwen pou l vin prezidan?

Share on facebook
Share on twitter
Share on linkedin
Share on email

Ayiti : Konbyen kòb yon kandida bezwen pou l vin prezidan?

Atik opinyon | Stanley Stlouis

Gen yon aspè nan kesyon eleksyon ann Ayiti ki toujou fè m reflechi, men nou pa pale de li ase: lajan!

Fè yon kanpay prezidansyèl pa yon ti jwèt. Fòk ou peye moun, deplase nan tout peyi a, fè piblisite, òganize miting, asire sekirite w, mete mandatè nan biwo vòt yo, elatriye.

Konbyen yon kanpay prezidansyèl kapab koute?

Nan yon atik HaïtiLibre te pibliye 12 septanm 2010, ekspè yo te estime yon kandida te kapab bezwen ant 3 ak 6 milyon dola ameriken pou mennen yon kanpay elektoral. Leslie Voltaire, ki te kandida nan eleksyon prezidansyèl ane sa a, te estime li t ap bezwen ant 6 ak 8 milyon dola pou finanse kanpay pa li.

Chif sa yo soti nan yon lòt epòk. Nou pa gen ase done piblik resan pou nou konnen avèk presizyon konbyen yon kanpay prezidansyèl ta koute ann Ayiti jodi a.

Ki kote lajan an soti?

Men, ann pale klè. Se pa kantite lajan an sèlman ki enterese m. Se sitou kote lajan an soti.

Lè yon moun envesti plizyè milyon dola nan kanpay yon kandida, mwen ta renmen konnen ki sa ki motive l. Èske se paske li kwè nan pwojè kandida a? Èske li gen enterè ekonomik li vle pwoteje? Èske gen angajman ki pran dèyè pòt fèmen?

Mwen pa di tout moun k ap finanse yon kandida gen move entansyon. Men mwen pa kwè nou dwe neglije kesyon sa yo nonplis.

Èske tout kandida gen menm chans?

Yon lòt bagay ki deranje m nan tout sa, se posiblite pou yon sitwayen ki gen konpetans, entegrite ak yon bon vizyon pou peyi a pa menm jwenn chans pou l fè tande vwa li, senpleman paske li pa gen milyon dola pou l depanse.

Èske mank mwayen finansye ta dwe yon obstak pou yon sitwayen ki vle sèvi peyi li?

Transparans dwe kòmanse anvan eleksyon

Pou mwen, transparans finansye yon kandida ta dwe gen menm enpòtans ak pwogram politik li.

Mwen ta renmen wè chak kandida rann piblik sous finansman kanpay li, kantite lajan li resevwa ak kantite lajan li depanse.

Nou pa ka ap mande transparans nan jesyon Leta epi nou pa enterese nan transparans finansman moun ki vle dirije Leta a.

Lè yon kandida rive sou pouvwa a grasa plizyè milyon dola lòt moun mete a dispozisyon li, ki garanti pèp la genyen se enterè peyi a k ap pase an premye?

— Stanley Stlouis

Sous ak referans :

HaïtiLibre, 12 septanm 2010 — Haïti – Élections : La course à la présidentielle la plus chère de l’histoire d’Haïti.

IFES, me 2006 — Political Finance in Post-Conflict Societies, chapit sou Ayiti.

www.ssnnews247.com

À suivre