OPINYON | AYITI : SI TW OUP BUKELE YO KITE PEYI A ANVAN GANG YO KRAZE, KIYÈS K AP PWOTEJE POPILASYON AN?
Pa Stanley Stlouis | SSN News 247
Mwen wè anpil Ayisyen poko fin konprann sa k ap pase anba anba a. Gen yon jwèt diplomatik ki sanble ap jwe dèyè rido, e mwen gen gwo enkyetid sou presyon ki ta ka fèt pou fòse Bukele retire twoup li yo ann Ayiti nan yon delè ki pa twò long.
Men èske nou byen mezire konsekans yon desizyon konsa?
Imajine twoup salvadoryen yo oblije kite peyi a san gang yo pa fin kraze, san Leta pa reprann kontwòl teritwa li, san lapolis pa gen kapasite pou kenbe sekirite a. Nou mèt prepare nou pou yon posiblite ki terib: yon beny san sou popilasyon sivil la!
Pa bliye, gang sa yo gen anpil moun yo te touye, anpil fanmi yo te dechouke, anpil kay yo te boule. Si yo rive reprann fòs yo, kiyès ki ka garanti yo pap chèche tire revanj sou popilasyon an?
Se la mwen kwè pi gwo danje a ye.
Gen yon bagay nou dwe konprann: batay kont gang ann Ayiti pa sèlman yon kesyon zam ak sòlda. Se yon kesyon enterè politik, diplomatik, ekonomik ak estratejik. E malerezman, enterè pèp ayisyen an pa toujou premye priyorite moun k ap pran gwo desizyon yo.
Mwen pa di mwen gen prèv tout sa k ap fèt dèyè rido yo. Men mwen kwè nou dwe rete vijilan, poze kesyon epi mande garanti sou sa k ap pase apre misyon etranje yo.
Paske kesyon an pa sèlman si Bukele ap rive kraze gang yo. Vrè kesyon an se: kiyès k ap pwoteje pèp ayisyen an jou twoup li yo kite peyi a?
Nou pa ka kontinye ap viv nan yon peyi kote sekirite pèp la depann de prezans fòs etranje. Fòk Leta ayisyen pwofite moman sa a pou rebati kapasite lapolis, ranfòse enstitisyon li yo, reprann teritwa yo epi mete yon estrateji serye sou pye pou gang yo pa janm reprann kontwòl ankò.
Paske si tout efò sa yo fèt, tout sakrifis sa yo konsanti, epi finalman gang yo retounen pi fò pase anvan, se pèp la ankò ki pral peye konsekans yo.
Mwen swete mwen twonpe m. Mwen swete enkyetid sa yo pa janm tounen reyalite.
Men ann pa tann jou twoup etranje yo pati pou nou kòmanse mande sa k pral rive apre.
Ayiti pa bezwen yon ti tempo nan vyolans lan. Ayiti bezwen yon lapè ki dirab!
Epi sonje byen: se pa jou gang yo kouri a nou genyen batay la. Se jou yo pa gen okenn kapasite ankò pou yo retounen teworize popilasyon an, se jou sa a n ap kapab pale de viktwa.
— Stanley Stlouis



